mardi 16 juin 2009

NÒT POU REKTIFIKASYON

Un texte en créole pour nos amis Haïtiens ! Reçu de CAMILLE LOTY MALEBRANCHE

Au sujet d'Haïti, cette note de batay ouvriye (Lutte des ouvriers) et cette pièce attachée malheureusement seulement en créole où on pourra comprendre que c'est la somme de plus de 560 gourdes par jour qu'il faudrait payer aux travailleurs pour qu'ils répondent normalement aux plus stricts besoins quotidiens

NÒT POU REKTIFIKASYON

Anvan anyen n ap klarifye pou opinyon piblik la yon fo temwayaj k ap kouri konsènan salè ki anvigè nan zòn franch Wanament la. Sanble M. Fernando Capellán ki vin pote lamenfòt ak jeran faktori nan Pòtoprens yo di, nan yon rankont ki te genyen nan palè nasyonal, Batay Ouvriye gen yon “akò” ak Grupo M pou ouvriye yo touche 125 goud pa jou. Tou dabò n ap fè konnen se yon ti pòsyon ouvriye ki touche salè sa a. Men, sitou, ke, dapre kontra travay kolektif ki genyen ant Codevi SA, ki se konpayi k ap administre zòn franch la, ak Sokowa, ki se Sendika Ouvriye Kodevi nan Wanament, fòk salè minimòm lan ajiste chak lane. Kontra sa a, ki efektif depi 3 lane, ajiste 70 goud la 2 fwa deja ki fè li vin 125 goud jounen jodi a. Kidonk se pa ditou yon “akò” ki genyen, se ajisteman salè mizè 70 goud la k ap evolye. Jounen jodi a, dapre sa nou te fè konnen dènyèman, depi 18 me pase a, ouvriye Sokowa yo mobilize pou salè minimòm lan rive 200 goud jan pwojè lwa ki vote nan Palman an deja fè konnen. Kidonk zafè “akò” a pa kenbe ditou pyès. Se yon glisman volontè, yon manti.

Sou yon lòt bò, n ap mete popilasyon an an konesans kalkil ki fèt nan Wanament la menm, kote Worker Rights Consortium (WRC), yon kolektif ameriken k ap goumen ansanm avèk nou sou kesyon an, mennen ankèt pou tabli minimòm pou yon ouvriye dwe touche pou li kapab viv ansanm ak fanmi l.

Jan n ap kapab wè nan pyès sa a ki atache, pou yon fanmiy ki ta genyen 3 moun (youn k ap travay ak 2 depandan), ankèt la mennen sou Peye kay, Depans pou enèji, Manje, Achte rad, Swen sante, Ledikasyon, Transpò, Peye dwa pou travèse fwontyè a ak Divès kalite ti depans anplis ak Ekonomi ki ta gen pou fèt sizanka. Pou chak nan pwen sa yo, li bay, pou yon mwa, an goud :

· Peye kay 1,856.88

· Depans pou enèji 93.75

· Manje 5,862.06

· Achte rad 1,282.29

· Swen sante 1,223.64

· Ledikasyon 601.25

· Transpò 1,045.00

· Peye dwa pou travèse fwontyè a 140.00

· Divès kalite ti depans anplis 299.12

· Ekonomi 897.365

Pou yon TOTAL : 13,161.359 Goud / mwa

Si nou konnen ke, pou genyen kantite lajan sa a, yon ouvriye ta gen pou travay pandan 6 jou nan yon semenn (se konsa li ye nan zòn franch la), oswa kidonk 24 jou nan yon mwa, salè li nan yon jou dwe : 548.39 Goud / jou.

E se sa k ap diskite jounen jodi a la.

Se vre, nan Pòtoprens, pa gen zafè “Peye dwa pou travèse fwontyè”. Men, an menm tan tou, transpò a bokou pi chè bò isit la. Kidonk, lè nou wè yon vye 200 goud ap bay tout traka, dilatwa ak blokaj ki alòddijou yo; lè nou sonje boujwa yo te di, kòm premyèman, yo pa t ap kapab bay piplis pase 3.50 a 7.00 goud ajisteman (sinon y ap fè fayit!!! – menm agiman y ap bay pou 200 goud la! – kidonk n ap mande : kote verite a ye?) bagay ki t ap mete salè minimòm lan a 73.50 a 77.00 goud!!! apre piplis pase 6 zan li ilegalman pa janm ajiste (2003 – 2009), an apre 8 lane (1995 – 2003) li ilegalman ankò pa t janm ajiste nonplis etseteraera..., nou rann nou kont sitiyasyon travayè yo anba grif atoufè - sanginè sa yo ansanm ak gouvènman “leta de dwa” yo a k ap soutni yo.

PIBLIYE LALWA AJISTEMAN 200 GOUD LA KI DEJA TWÒ PITI!

LIBERE SAN KONDISYON TOUT MANIFESTAN KI T AP REKLAME L!

VEYE POU BOUJWA ATOUFÈ - SANGINÈ YO APLIKE L KÒMSADWA!

Aucun commentaire: